TSK

TSK · 2 Chronicles 11:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Yon pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l' yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye.

Dapre regleman David, papa l', te bay, li mete chak gwoup nan travay pa yo, prèt yo pou fè sèvis pou Bondye, moun Levi yo pou fè lwanj Seyè a epi pou ede prèt yo nan travay yo dapre sa ki pou fèt chak jou fèt yo. Li bay chak gwoup gad pòtay Tanp lan lè travay yo nan chak pòtay, dapre lòd David, moun Bondye a, te kite.

Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.