TSK

TSK · 2 Chronicles 11:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Rachèl mouri, yo antere l' sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou.

¶ David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun.

Etam te pitit Our. Se li ki papa Jizreyèl, Ichma, Idbak ak yon pitit fi yo rele Azelèl-poni.

¶ Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.

Moun lavil Tekoa yo te repare yon lòt pòsyon ankò nan miray la, pòsyon ki vin apre a, anfas gwo fò ki pwoteje tanp lan, rive toupre miray Ofèl la.

Amos 1:1 TSK

¶ Men mesaj Amòs, yonn nan gadò mouton lavil Tekoa a, te bay. Se bagay Bondye te fè l' konnen sou pèp Izrayèl la, dezan anvan tranblemanntè a. Lè sa a, se Ozyas ki te wa nan peyi Jida, epi se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.