Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Seyè a soti kite peyi Lejip la.
TSK
TSK · 2 Chronicles 14:12
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayèl yo an repo. Paske, Seyè a ap goumen pou yo kont nou.
¶ Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
Yo pran senkantmil chamo, desansenkantmil mouton ak kabrit, demil bourik nan men lènmi yo. Yo fè sanmil prizonye.
Jou sa a, yo pran sètsan bèf ak sètmil mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Seyè a.
Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m' pa soti sou kote pou m' rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbraj li.