TSK

TSK · 2 Chronicles 20:34

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a pale ak Jeou, pitit gason Anani. Li ba li mesaj sa a pou Bacha. Li di l' konsa:

Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.

¶ Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou.

Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.