Abija leve yon lame katsanmil vanyan sòlda ki konn goumen. Jewoboram bò pa l' kanpe pou goumen kont Abija ak witsanmil vanyan sòlda ki konn goumen.
TSK
TSK · 2 Chronicles 26:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil sòlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotèj ak frenn, plis desankatreven mil sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda.
Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj.