¶ Apre sa, wa Akaz fè demoute kabwa an kwiv yo. Li fè wete gwo basin an kwiv ki te chita sou bèf yo, li fè mete l' sou yon pave wòch.
TSK
TSK · 2 Chronicles 28:24
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo.
Nou pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Koulye a, yo tout devan lotèl Seyè a.
Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!
¶ Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l' anpil lè l' wè ki jan lavil la te plen zidòl.