TSK

TSK · 2 Corinthians 2:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Acts 20:1 TSK

¶ Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l' pati pou Masedwan.

¶ Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kè m' pa t' poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen.

Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka kontinye travay li te kòmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n' bay la ak tout kè nou.

Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avè m' pou nou. Pou lòt frè ki avè l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la.

¶ Apre sa, katòz lanne te pase anvan m' te moute lavil Jerizalèm ankò, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m' tou.

Paske, Demas lage m', li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l' al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi.