Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!
TSK
TSK · 2 Corinthians 6:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Apre sa, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande l' apa: Poukisa nou pa t' kapab chase move lespri sa a?
Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.
¶ Frè m' yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m', menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fè m' okenn tò.
Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.
Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.
¶ Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri.
Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
Pa gen anyen ki pou fè m' pi kontan pase lè m' tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a.