TSK

TSK · 2 Samuel 13:23

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Kèk tan apre sa, madanm Jida, pitit fi Chwa a, mouri. Apre Jida te fin fè sa pou l' te fè pou lanmò a, li moute al Timna ansanm ak zanmi l' lan, Ira, moun Adoulam lan. Li tapral wè moun ki t'ap taye lenn mouton l' yo pou li.

Antan David nan dezè a, li vin konnen Nabal t'ap taye lenn mouton l' yo.

¶ Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten.

Li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt mouton, bèf, ti towo chatre. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, Abyata, prèt la, Joab, kòmandan lame a. Men, li pa envite Salomon, pitit gason ou lan.

Mesa, wa peyi Moab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil ti mouton ak sanmil belye ak tout lenn yo sou yo.