Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
TSK
TSK · 2 Samuel 16:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Paltyèl pati dèyè l', li t'ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnè di Paltyèl konsa: -Tounen lakay ou non, monchè! Epi Paltyèl tounen tounen l'.
Men, yon ti gason bare yo, li al di Absalon sa. De mesye yo kouri al kache lakay yon moun ki te rete lavil Bakourim. Nonm lan te gen yon pi nan lakou lakay li. Mesye yo desann al kache ladan l'.
Te gen mil gason nan branch fanm Benjamen an avè l'. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l' yo ak vin moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an.
Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre.
Ou gen ankò bò kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Bakourim nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men, lè m' t'ap tounen, li vin kontre m' bò larivyè Jouden. Jou sa a, mwen te fè sèman nan non Seyè a mwen p'ap fè yo touye l'.
Lè sa a, nan lavil Souz, kapital peyi a, te gen yon jwif ki te rele Madoche. Se te pitit Jayi, nan branch fanmi Benjamen. Li te soti nan fanmi Kich ak Chimeyi.
Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.
Pa kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske raje gen zòrèy.
Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.