Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li.
TSK
TSK · 2 Samuel 17:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se konsa David te bat sòlda Filisti a avèk yon fistibal ak yon wòch. Li vide sòlda Filisti a atè, li touye l'. Li pa t' gen yon bout nepe menm nan men l'.
Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.
¶ Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan moun. Li touye tout yon sèl kou.
Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup trant lan.
Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.
¶ Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute.
Dezyèm bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l', li di l' konsa: -Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab.
¶ Kisa m' ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m' ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo.