lè n'a wè bèf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lè n'a wè n'a gen lò ak ajan an kantite, lè n'a wè tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou,
TSK
TSK · 2 Samuel 24:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Joab menm, pitit gason Sewouya a, leve ansanm ak sòlda David yo, yo kite lavil Ebwon, yo pati tou. Yo kontre ak moun Abnè yo bò rezèvwa Gabawon an. De lame yo pran pozisyon, yonn chak bò rezèvwa a.
Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo.
¶ Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a.
Se konsa Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l' te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil moun nan pèp Izrayèl la mouri.
Men, Ezekyas kite lògèy vire tèt li, li refize di mèsi pou sa Seyè a te fè pou li. Se konsa, Seyè a move ni sou li, ni sou peyi Jida, ni sou lavil Jerizalèm.
¶ Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy.