TSK

TSK · 2 Samuel 8:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, yo te touye dimil sòlda konsa, sòlda ki te gwonèg epi ki te konn goumen. Yonn pa chape.

¶ Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.

ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. Li fè menm bagay la tou ak tou sa li te pran apre lagè ak Adadezè, pitit Reyòb, wa Zoba a.

¶ Apre lanmò Akab, wa peyi Izrayèl la, peyi Moab pran lèzam kont moun Izrayèl yo.

Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.

Moun Amon yo te peye lajan taks bay Ozyas. Yo t'ap nonmen non l' jouk sou fwontyè peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa.

Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li.

Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.

Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.