TSK

TSK · 2 Timothy 1:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouraj. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.

Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.

Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.

Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m' separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n' kapab vin pi fèm.

Mwen pran Bondye sèvi m' temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki soti nan Jezikri.

¶ Pou mwen menm, frè m' yo, pa gen lontan depi m' kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m' toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò.

Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Lenis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou.

Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.