¶ Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
TSK
TSK · 2 Timothy 4:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,
benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.
Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.
Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.
Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
Lè yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi.
¶ Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a,
Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.
Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.
Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè.
Si yon moun kenbe kò l' pou l' pa fè sa ki mal, y'a fè l' fè yon travay espesyal. Paske lè sa a l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li, la itil Mèt la, l'ap pare pou l' fè nenpòt bagay ki byen.
¶ Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m' mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m', nan jan mwen kenbe fèm,
¶ Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pesonn okazyon meprize ou.
Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.