TSK

TSK · Acts 1:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m' ak tout kè li.

Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.

Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m' lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki soti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.

Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.

Joel 3:16 TSK

Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.

¶ Men, sou mòn Siyon an, kèk moun pral sove. Se yon kote ki pral apa nèt pou mwen. Moun fanmi Jakòb yo pral reprann tout peyi lènmi te wete nan men yo.

Seyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l'a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!

Jezi reponn yo: Se vre. Eli gen pou l' vin anvan, pou l' mete tout bagay nan lòd.

Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?

¶ Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l' lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvènman l' lan yon jan pou tout moun wè li.

Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m' dwa pou m' gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a.