TSK

TSK · Acts 10:40

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo

Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò.

Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò.

Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.

¶ Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò?

Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.