Mark 15:10
TSK
Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li.
Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li.
¶ Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri.
Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo kòmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo.
¶ Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki soti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li.