TSK

TSK · Acts 18:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen tapral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.)

Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk.

¶ Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Seyè a.

¶ Se mwen menm, Pyè, apòt Jezikri, k'ap ekri lèt sa a pou nou tout ki fè pati pèp Bondye te chwazi a men k'ap viv tankou etranje, gaye nan peyi Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini.