TSK

TSK · Acts 2:41

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.

Luke 5:5 TSK

Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan.

Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire.

Acts 2:37 TSK

¶ Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè?

Acts 4:4 TSK

Men, anpil moun ki te tande pawòl la te kwè. Lè sa a, te gen senkmil moun konsa ki te kwè.

Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.

Lè sa a, malgre maladi m' lan ta ka yon eprèv pou nou, nou pa t' meprize m', ni nou pa t' repouse mwen. Okontrè, nou te resevwa m' tankou si m' te yon zanj Bondye, tankou si se Jezikri menm m' te ye.