Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide.
TSK
TSK · Acts 24:17
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.
Men, koulye a, mwen pral Jerizalèm pou m' ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis.
¶ Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè.
Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.
Se pou nou konn sa byen: sèvis n'ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l' mèsi.