TSK

TSK · Acts 28:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

¶ Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.

Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka mò.

Acts 27:3 TSK

Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l' pèmisyon pou li al wè zanmi l' yo pou li al chache sa l' te bezwen.

Se yon devwa pou mwen pou m' anonse bon nouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere, kit yo konn li, kit yo pa konn li.

Moun lòt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a.

Mwen redi travay di, mwen fatige kò m' anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen.

Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.