Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
TSK
TSK · Acts 3:20
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.
Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bèl diskou, ni ak ankenn lèt mwen ta swadizan ekri nou, pou yo fè nou kwè jou Seyè a rive deja.
Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.
¶ Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt.