TSK

TSK · Amos 7:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite.

¶ Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: -Mwen wè yon branch zanmann.

Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Seyè a te fè m' wè.

Joel 2:25 TSK

M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.

Amos 7:4 TSK

Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a t'ap voye yon dife pou l' devore pèp la pou pini l'. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden.

Amos 8:1 TSK

¶ Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi.

Apre sa, Seyè a fè m' wè kat bòs fòjon ak mato nan men yo.