All books in HCV

Daniel 10

HCV · verses 10-14

12 chapters

HCV / Daniel / Chapter 10

HCV · verses 10-14

10 A pre sa, mwen santi yon men manyen m', li fè m' leve sou pla men m' ak sou jenou m'. M' t'ap tranble toujou.

11 Zanj lan di m' konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m' kote ou. Lè li fin di m' sa, mwen leve kanpe, men m' t'ap tranble toujou.

12 Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a.

13 Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.

14 Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.