TSK

TSK · Daniel 10:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.

Job 4:13 TSK

Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè.

¶ Mwen t'ap dòmi, men kè m' t'ap veye. Mwen tande mennaj mwen k'ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, sò mwen, fiyanse m', toutrèl mwen, bèl nègès mwen! Seren mouye tout tèt mwen. Tout cheve m' plen dlo lawouze.

¶ Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.

Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.