TSK

TSK · Daniel 4:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 1:12 TSK

Seyè a di Satan: -Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l' yo. Men, m' tou pale ou, li menm, pa manyen l'! Se konsa Satan vire do l', li ale.

Job 40:11 TSK

Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!

Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,

¶ Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.

¶ Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman, li di konsa: -Sa se sèten. Sa m' te fè lide fè a, m'ap fè l'. Sa m' te deside fè a ap rive vre.

Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.