Seyè a di Moyiz konsa: -Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.
TSK
TSK · Deuteronomy 21:23
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou rete a, paske mwen menm Seyè a, se nan mitan moun pèp Izrayèl yo, nan mitan peyi kote yo rete a, mwen rete tou.
Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.
Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou.
Apre sa, Jozye touye wa yo epi li fè pann kadav yo sou senk pyebwa kote yo rete pandye jouk aswè.
Enben, renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Seyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Seyè a te chwazi pou wa a. David reponn yo: -M'ap ban nou yo.
¶ Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo.
Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non!
Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.