TSK

TSK · Deuteronomy 3:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo.

¶ Seyè a di m' ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan menm nou. Atake l', konmanse pran peyi a pou nou.

L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo.

Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Seyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Seyè a ap kanpe la avèk nou.

Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.

li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.