TSK

TSK · Deuteronomy 30:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'.

Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.

¶ Lè sa a, Moyiz ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo bay pèp la lòd sa yo: -Se pou nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a.

Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.

Se konsa Seyè a vin fache anpil sou moun peyi sa a. Li sitèlman fache, li fè tout madichon ki ekri nan liv lalwa a tonbe sou yo.

¶ Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi.

tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche pèp Izrayèl ou a, fè yo tounen nan peyi ou te bay zansèt yo a.

Si nou tounen vin jwenn Seyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, l'a kite yo tounen nan peyi yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, l'a louvri bra l' ban nou.

Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè!

Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.

M'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Men, y'a toujou chonje m', menm lè yo nan peyi byen lwen. Y'a viv la ansanm ak pitit yo. Yon jou, y'a tounen nan peyi yo a.