TSK

TSK · Ecclesiastes 2:22

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.

Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.

Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.

Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen.

¶ Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou.

Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.

¶ Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou.

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè.

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.