Mwen deja gen katreven lanne sou tèt mwen. Anyen pa di m' anyen ankò. M' pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. M' pa tande vwa gason ak fi k'ap chante yo ankò. M' pral tounen yon chay pou monwa.
TSK
TSK · Ecclesiastes 2:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y' al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.
¶ Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
Salomon te marye ak sètsan madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye.
Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj an kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a.
Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.
Salomon te fè fè desan gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze douz liv.
Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit.
Nan lavi a anyen pa vo anyen. Se sa filozòf la di. Non, anyen pa vo anyen nan lavi a. Tout bagay gen pou pase.
Se konsa, tande moun yo tande twonpèt la ak tout lòt enstriman yo, yo tonbe ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a, yo adore l'. Te gen moun tout nasyon ki soti nan tout ras, epi ki pale tout kalite lang.
Y'ap plede ranse pandan gita ap jwe. Yo kwè yo jwe mizik tankou David.