TSK

TSK · Ecclesiastes 4:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 3:16 TSK

Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri.

Job 10:18 TSK

Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'.

Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.

Yon nonm te mèt gen san pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'.

Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m' rete nan mitan dezè a, pou m' manyè kite pèp mwen an, pou m' al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye.

Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo.