TSK

TSK · Esther 1:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lèfini, Salomon moute chita sou fotèy wa a.

Nan tout pwovens peyi ou la, wa chwazi kèk enspekte ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. Wa mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl.

Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesaj la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.

Wa a di larenn Estè konsa: -Nan lavil Souz ase, jwif yo touye senksan moun. Nan moun sa yo te gen dis pitit gason Aman yo. Nou pa bezwen mande sa yo fè nan pwovens yo. Kisa ou vle koulye a? M'ap ba ou li. Di m' kisa ou vle m' fè, m'ap fè l'.

Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi.