TSK

TSK · Exodus 19:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.

Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.

¶ Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.

N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la.

Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.

Mòn yo pran tranble devan mèt mòn Sinayi a, devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la!

¶ Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri.

Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.

Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li.

Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.

Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.

Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen.

Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agoch!

Lè l' kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, moun tout nasyon gen kè kase. Mòn ki la depi lontan yo kraze an miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan l'.

Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.

¶ Nou pa t' pwoche bò kot yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kot Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pa t' piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan.

Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann.