TSK

TSK · Exodus 29:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l' yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt.

W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.

Apre sa, Moyiz pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li voye l' sou kay Bondye a ak sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa, li te mete yo apa pou sèvis Seyè a.

¶ Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri.

Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.

¶ Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.

Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.