TSK

TSK · Exodus 32:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Taye de ròch plat tankou de premye yo. m'a ekri sou yo tout pawòl ki te sou premye ròch ou te kraze yo.

Mwen te moute sou mòn lan pou m' te al resevwa de wòch plat yo, wòch ki te gen kontra Seyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwè anyen sou mòn lan.

¶ Apre sa, Seyè a te di m': Taye de wòch plat tankou de premye yo. Fè yon bwat an bwa, mete yo ladan l'. Moute vin jwenn mwen sou mòn lan.

Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou moso wòch plat, men sou kè moun ak Lespri Bondye ki vivan an.

Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.