TSK

TSK · Ezekiel 21:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès.

Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!

Men sa Seyè a di ankò: -Kalkile sou sa ki gen pou rive a! Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou! Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini!

Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale.

¶ Men sa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, di ankò: -Mare ren ou, leve de bra ou anlè! Rele gras lamizerikòd! Akòz tout bagay mal, bagay mwen pa vle wè menm, moun pèp Izrayèl yo ap fè a, yo pral mouri nan lagè, nan grangou, anba gwo maladi.

Koulye a, ou menm nonm o! Fè pakèt ou tankou yon moun k'ap kouri pou danje. Pati kite peyi a devan je yo gwo lajounen. W'a fè yo tout wè ou ap pati kite kote ou ye a pou ou ale yon lòt kote ou pa janm konnen! Sa ka fè yo rekonèt jan yo gen tèt di.

Kenbe de bout bwa yo nan men ou pou tout pèp la ka wè yo.

Lè sa a, mwen santi mwen t'ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, m' al fè travay wa a te ban m' fè a. Men, vizyon an t'ap boulvèse lespri m' toujou, m' pa t' ka konprann li.

¶ Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.