TSK

TSK · Ezekiel 47:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Sou premye mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo te rive nan dezè Zin lan, epi yo moute tant yo yon kote yo rele Kadès. Se la Miryam mouri, se la menm yo antere l'.

l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane.

¶ Men sa li di pou branch fanmi Levi a: Seyè! Se ou menm ki pou fè yo konnen volonte ou. Y'ap sèvi ou san lage. Ou te sonde yo bò Masa. Ou te kenbe tèt ak yo bò sous dlo Meriba yo.

lavil Balat ak lavil Tama nan dezè Jida a.

Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.

Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fwontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fwontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane.