TSK

TSK · Ezra 2:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite nan lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs ki te rete nan lavil la.

Premye moun nan pèp Izrayèl la ki te tounen vin rete sou tè yo ak nan lavil yo se te prèt yo, moun Levi yo ak moun k'ap travay nan Tanp lan.

Li pran tout moun ki pa t' mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l', li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la.

Ezra 5:8 TSK

Se devwa nou pou nou fè wa a konnen nou te ale nan pwovens Jida a, nou jwenn y'ap rebati tanp Bondye ki gen pouvwa a, avèk gwo blòk wòch, y'ap koupe gwo poto bwa pou mete nan mi yo. Moun yo pran san yo pou yo fè bon travay, travay la ap mache byen.

lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.

¶ Vwala se te sou rèy wa Asyeris. Li t'ap gouvènen sanvennsèt pwovens depi peyi Lend rive peyi Letiopi.

Tout moun t'ap bwè san pesonn pa kontwole bouch yo, paske wa a te bay kanbizye li yo lòd pou chak moun te jwenn mezi yo vle.

Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letiopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou.

¶ Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou.

¶ Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.

Lènmi l' yo pran pye sou li. Moun ki pa vle wè l' yo gen lapè avè l'. Seyè a ap fè l' soufri pou tout kantite peche li fè yo. Ata timoun piti yo depòte. Lènmi pouse yo mache devan yo!

Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, y'av al dòmi nan kay lavil Askalon yo. Seyè a, Bondye yo a, va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.