¶ Sarayi, madanm Abram, pa t' janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga.
TSK
TSK · Genesis 11:30
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Abraram ak Sara te fin vye granmoun. Yo te antre nan laj. Sara te sispann gen lalen li.
Madanm Izarak pa t' ka fè pitit. Izarak lapriyè Seyè a pou li, Seyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent.
¶ Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou!
Elkana te gen de madanm, yonn te rele Ana, lòt la te rele Penina. Penina te fè pitit pou li. Men, Ana pa t' gen pitit.
Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!
Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès.