TSK

TSK · Genesis 14:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.

Ou wè: se vòlè yo te vòlè m' nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t' fè anyen pou yo te mete m' nan prizon.

Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l' yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo.

¶ Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo.

¶ Yon nonm nan branch fanmi Benjamen an te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te chire rad sou li, li te mete pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan lapenn.

Job 1:15 TSK

lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.

¶ Eske yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Izrayèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou.