TSK

TSK · Genesis 22:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l' mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l' ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a.

Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!

Lè sa a, Pyè di li: -Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou.

Konsa, lè se te lide l' pou l' te fè m' konnen Pitit li a, pou m' te ka anonse bon nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pa t' al mande pesonn konsèy.

Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bèt bay Bondye, lè Bondye te vle wè jouk ki bò konfyans li t'ap rive a. Abraram te tou pare pou l' te ofri bay Bondye sèl pitit gason Bondye te pwomèt li a.