¶ Jakòb rete pase nwit la kote l' te ye a. Apre sa, nan sa l' te gen avè l' yo, li chwazi ladan yo pou fè Ezaou, frè l' la, kado.
TSK
TSK · Genesis 33:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Moun yo pran devan ak kado yo. Men Jakòb rete dèyè, li pase nwit la kote l' te ye a.
Aksa reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m' byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m' kek sous kote pou m' jwenn dlo non. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo.
Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo.
Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: --Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.
Naaman reponn: --Tanpri, pran sisan pyès ajan. Li fòse l' pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l' yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi.
¶ Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?
Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.
Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen.
Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou koulye a ak pou tout tan.