TSK

TSK · Genesis 35:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.

Li di l' konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen.

¶ Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.

Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.

¶ Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a.

Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la.

Li rele kote Bondye te pale avè l' la Betèl.

Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò.

Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.

¶ Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l'.

Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bon nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan yo p'ap pase lakay nou ankò! Mwen detwi yo nèt.