TSK

TSK · Genesis 35:26

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frè manman ou.

Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou.

Li pran tout bèt li yo ansanm ak tout sa li te rive genyen pandan li te Mezopotami an, li mennen yo ale. Li pati, li al jwenn papa l', Izarak, nan peyi Kanaran.

Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli.

¶ Senkyèm pòsyon tè a soti pou branch fanmi Asè a pou yo separe bay chak fanmi pa yo.