TSK

TSK · Genesis 45:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li di Abraram. Gade! tout peyi m' lan devan ou. Rete kote ki fè ou plezi.

¶ Koulye a, se pou farawon an chwazi yon moun ki gen lespri ak bon konprann pou l' mete l' chèf sou tout peyi Lejip la.

li menm ki te pran devan nou sou tout wout la pou l' te ka jwenn kote pou nou moute kan nou. Lannwit, li te mache devan nou nan yon poto dife. Lajounen, nan yon gwo nwaj li te moutre nou chemen pou nou pran.

Ni wa a, ni pèp la te dakò se te yon bon lide pou yo te fè l' lè sa a.

Lèfini, jenn fi ki va fè ou plezi plis la wa mete l' larenn nan plas Vachti a. Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre.

Acts 6:5 TSK

Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo.