TSK

TSK · Genesis 46:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl.

Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb.

¶ Dena, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te soti al rann medam peyi a vizit.

Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg.

¶ Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa:

¶ Apre epidemi an, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa: