Genesis 45:6
TSK
Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò.
Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete.
¶ Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache.
¶ Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou.
Yon moun k'ap travay tè p'ap janm pase tout tan l' ap raboure, ap kraze bit, ap pare tè pou plante.
Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.