TSK

TSK · Genesis 47:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan.

Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak.

Lè Jozèf mouri li te gen sandizan. Yo benyen kadav la, yo pare l' pou l' pa pouri. Yo mete l' nan yon sèkèy byen fèmen nan peyi Lejip.

Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo t al pale ak farawon an.

¶ Apre tout bagay sa yo, Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan.

Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri.

Job 14:1 TSK

¶ Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!

Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.

Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.

Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.

¶ Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen.

Paske li te gen konfyans nan Bondye, se anba tant twal li te rete. Li t'ap viv nan peyi Bondye te pwomèt li a tankou yon etranje ki depasaj. Se konsa Izarak ak Jakòb te fè tou, yo menm ki te resevwa menm pwomès la nan men Bondye.

Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.